Haitian Creole Bible

Genesis 4

Genesis

Return to Index

Chapter 5

1

 ¶ Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'.

2

 Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun.

3

 Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt.

4

 Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

5

 Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (930 an).

6

 ¶ Sèt te gen sansenkan (105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk.

7

 Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

8

 Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (912 an).

9

 Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan.

10

 Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

11

 Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan (905 an).

12

 Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl.

13

 Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

14

 Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (910 an).

15

 Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd.

16

 Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

17

 Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (895 an).

18

 Jerèd te gen sanswanndezan (162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk.

19

 Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

20

 Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (962 an).

21

 ¶ Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela.

22

 Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

23

 -

24

 Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.

25

 ¶ Metouchela te gen sankatrevensètan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk.

26

 Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

27

 Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (969 an).

28

 ¶ Lemèk te gen sankatrevendezan (182 an) lè li vin gen yon pitit gason.

29

 Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a.

30

 Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.

31

 Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (777 an).

32

 Noe te gen senksanzan (500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.

Genesis 6

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: