Haitian Creole Bible

1 Chronicles 17

1 Chronicles

Return to Index

Chapter 18

1

 ¶ Apre sa, David atake moun Filisti yo ankò. Li bat yo byen bat. Se konsa li pran lavil Gat ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo, nan men moun Filisti yo.

2

 Lèfini, li bat moun peyi Moab yo. Moun Moab yo soumèt devan David. Li fè yo peye taks ba li chak lè.

3

 Apre sa, li bat Adadezè, wa peyi Zoba a, ki t'ap mache pran zòn ki sou anwo larivyè Lefrat la.

4

 David pran mil (1.000) cha lagè, sèt mil (7.000) kavalye nan lame wa Adadezè a, li fè yo prizonye ansanm ak venmil (20.000) sòlda ki t'ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san (100) cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo.

5

 Moun Siri lavil Damas yo voye yon lame pou pote Adadezè, wa peyi Zoba a, konkou. David atake yo, li bat yo tou. Li touye venndemil (22.000) sòlda.

6

 Apre sa, David mete moun pa l' pou gouvènen peyi Damas la. Moun Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye taks chak lè. Se konsa Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase.

7

 David sezi tout gwo plak pwotèj an lò chèf lame wa Adadezè yo, li pote yo lavil Jerizalèm.

8

 Li pran yon gwo kantite kwiv li te jwenn lavil Tiba ak lavil Koun ki te pou Adadezè. Se ak kwiv sa yo Salomon te fè gwo basen lan, poto won yo ak lòt veso an kwiv pou Tanp lan.

9

 ¶ Lè Towou, wa lavil Amat la, tande jan David te kraze tout lame Adadezè a,

10

 li voye pitit li, Adouram al wè David pou di l' bonjou, epi pou fe l' konpliman deske li te bat Adadezè, paske Towou te toutan ap fè lagè ak Adadezè. Adouram te pote kado fèt an lò, an ajan ak an kwiv bay David.

11

 Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Seyè a, ansanm ak tout lò ak tout ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li, ki vle di moun peyi Edon, moun peyi Moab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalèk.

12

 Apre sa, Abichayi, pitit gason Sewouja a, touye dizwitmil (18.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la.

13

 Li mete kèk ganizon sòlda nan teritwa Edon an. Tout moun Edon yo soumèt devan David. Se konsa, Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase.

14

 David t'ap gouvènen tout pèp Izrayèl la. Li te fè tout moun jistis san patipri. Li te fè tout afè l' dwat.

15

 Joab, pitit gason Sewouya a, te kòmandan chèf lame a. Jozafa, pitit gason Akiloud la, te reskonsab achiv yo.

16

 Zadòk, pitit gason Akitoub, ak Akimelèk, pitit gason Abyata a, te prèt. Chaoucha te sekretè.

17

 Benaja, pitit gason Jeojada a, te chèf keretyen yo ak pelesyen yo ki te gad pèsonèl wa a. Pitit gason David yo menm te gwo chèf apre wa a.

1 Chronicles 19

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: