Haitian Creole Bible

Psalms 117

Psalms

Return to Index

Chapter 118

1

 ¶ Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!

2

 Se pou pèp Izrayèl la di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

3

 Se pou prèt k'ap sèvi Bondye yo di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

4

 Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

5

 Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'.

6

 Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'?

7

 Se Seyè a k'ap ede mwen. Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m' yo.

8

 Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun.

9

 Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' konte sou chèf.

10

 Tout nasyon yo te sènen m', Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.

11

 Yo te sènen m', yo te kwense m'. Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.

12

 Yo te kouvri m' tankou myèl. Men, yo mouri tankou dife nan pay. Avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.

13

 Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou.

14

 Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'.

15

 Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.

16

 Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li.

17

 Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen.

18

 Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'.

19

 ¶ Louvri pòt kay Bondye ki fè m' jistis la pou m' antre, pou m' di Seyè a mèsi.

20

 Men pòt kay Seyè a! Se moun ki mache dwat devan l' sèlman ki ka pase ladan l'.

21

 Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'.

22

 Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.

23

 Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa!

24

 Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!

25

 Aa! Seyè! Tanpri, delivre nou! Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè!

26

 Benediksyon pou moun ki vini nan non Seyè a! Nou menm ki nan kay Seyè a, n'ap beni nou.

27

 Seyè a se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la.

28

 Se ou ki Bondye mwen, m'ap di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa!

29

 Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!

Psalms 119

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: