Haitian Creole Bible

Proverbs 26

Proverbs

Return to Index

Chapter 27

1

 ¶ Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen.

2

 ¶ Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou.

3

 ¶ Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache.

4

 Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi?

5

 ¶ Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen.

6

 Lè yon zanmi ap rale zòrèy ou, se byen ou li vle wè. Men, lè yon lènmi ap pase men l' nan kou ou, se twonpe l'ap twonpe ou.

7

 ¶ Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch.

8

 ¶ Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li.

9

 ¶ Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj.

10

 Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.

11

 ¶ Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m' kontan. Konsa, m'a ka reponn moun k'ap kritike m' yo.

12

 ¶ Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.

13

 ¶ Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye.

14

 ¶ Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon.

15

 ¶ Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen.

16

 Si ou rive fè l' pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou!

17

 ¶ Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.

18

 ¶ Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li.

19

 ¶ Lè ou gade nan glas, se pwòp figi ou ou wè ladan l'. Konsa tou, lè ou gade nan kè yon moun, ou wè ki moun li ye.

20

 ¶ Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun.

21

 ¶ Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye.

22

 ¶ Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l' kite sòt.

23

 ¶ Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo.

24

 Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou.

25

 Lè ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo.

26

 Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden.

27

 W'a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k'ap sèvi lakay ou.

Proverbs 28

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: