Haitian Creole Bible

Jeremiah 36

Jeremiah

Return to Index

Chapter 37

1

 ¶ Nèbikadneza, wa Babilòn, te mete Sedesyas, yonn nan pitit Jozyas yo, wa nan peyi Jida nan plas Jekonya, pitit Jojakim.

2

 Men, ni Sedesyas, ni chèf li yo, ni ankenn lòt moun nan peyi a pa te vle tande mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi pou yo.

3

 Men, wa Sedesyas te voye Jewoukal, pitit Chelemya, ak Sefanya, prèt la, pitit Maseja, bò kot pwofèt Jeremi pou mande l' lapriyè Seyè a, Bondye yo a, pou yo tout.

4

 Lè sa a, yo pa t' ankò mete Jeremi nan prizon. Li t'ap ale vini jan l' te vle nan mitan pèp la.

5

 Lame moun Babilòn yo te sènen lavil Jerizalèm. Lè yo pran nouvèl lame farawon an te travèse fwontyè peyi Lejip la, yo wete kò yo devan lavil Jerizalèm.

6

 Lè sa a, Seyè a pale ak pwofèt Jeremi. Li di l': -Men repons w'a voye bay Sedesyas:

7

 Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la pale. Men sa n'a di wa Jida ki te voye nou bò kote m' lan. Lame farawon an t'ap vin ede nou. Men l'ap tounen lakay li nan peyi Lejip.

8

 Lè sa a, moun Babilòn yo ap tounen dèyè nou ankò, y'ap atake lavil la, y'ap pran l', y'ap boule l'.

9

 Se mwen menm Seyè a ki di sa: Pa twonpe tèt nou. Pa konprann moun Babilòn yo pati ale nèt, yo gen pou yo tounen.

10

 Menm si nou ta rive kraze tout lame moun Babilòn k'ap fè nou lagè a epi se sa ki blese yo ase nou kite kouche anba tant yo, yo tout y'ap leve, y'ap vin boule lavil la ratè.

11

 ¶ Lè sa a, lame moun Babilòn yo te wete kò yo devan Jerizalèm, paske yo te pran nouvèl mouvman lame farawon an.

12

 Jeremi te vle fè yon ti soti andeyò lavil la pou li ale nan peyi moun Benjamen yo. Li tapral resevwa pòsyon pa l' nan yon tè fanmi li ansanm ak tout rès moun yo t'ap separe.

13

 Lè li rive Pòtay Benjamen, li kontre ak kòmandman pòs la ki te rele Jirija. Se te pitit Chelemya, pitit pitit Ananya. Jirija rete Jeremi, li di l' konsa: -Anhan! Ou pral rann tèt ou bay moun Babilòn yo!

14

 Jeremi reponn li: -Non, monchè! Mwen pa pral rann tèt mwen kras bay moun Babilòn yo. Men Jirija pa koute l' menm. Li boukle Jeremi, li mennen l' bay chèf yo.

15

 Chèf yo move sou Jeremi, yo fè bat li byen bat. Apre sa, yo fèmen msye lakay Jonatan, sekretè tanp lan. Yo te pran kay sa a sèvi yo prizon.

16

 Yo mete Jeremi nan yon kacho anba tanp lan. Yo kite l' pase kèk tan la.

17

 Apre sa, wa Sedesyas voye chache l'. Lè Jeremi rive nan palè a, wa a pran l' sou kote, li mande l': -Eske Seyè a ba ou yon mesaj pou mwen? Jeremi reponn: -Wi, monwa. Men li: Yo pral lage ou nan men wa lavil Babilòn lan.

18

 Apre sa Jeremi mande wa a: -Sa mwen fè ou, sa m' fè chèf ou yo, sa m' fè pèp la pou ou mete m' nan prizon?

19

 Kisa ki rive pwofèt ou yo ki te di ou wa lavil Babilòn lan pa t'ap vin atake ni ou menm ni peyi a?

20

 Koulye a, monwa, mèt mwen, tanpri, koute sa m'ap mande ou. Tanpri souple, pa voye m' tounen nan prizon kay Jonatan, sekretè a. Si ou fè sa, nanpwen rechap pou mwen.

21

 Se konsa, wa Sedesyas bay lòd pou yo fèmen Jeremi nan lakou gad palè yo. Chak jou se pou yo ba li yon pen y'a pran nan Riyèl Boulanje yo jouk jou p'ap gen pen ankò nan lavil la. Se konsa Jeremi rete nan lakou gad palè yo.

Jeremiah 38

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: