Haitian Creole Bible

Hosea 10

Hosea

Return to Index

Chapter 11

1

 ¶ Lè pèp Izrayèl la te timoun toujou, mwen te renmen l' tankou pitit gason mwen. Mwen te rele l', mwen fè l' soti kite peyi Lejip.

2

 Men, plis mwen te konsidere l' tankou pitit mwen, se plis li t'ap vire do ban mwen. Yo t'ap plede fè ofrann bèt pou Baal, yo t'ap plede boule lansan pou zidòl.

3

 Se mwen menm ki te moutre moun Izrayèl yo jan pou yo mache. Mwen te konn pran yo nan bra mwen. Men, yo pa t' vle rekònèt se mwen menm ki te pran swen yo.

4

 Pou m' te ka rale yo sou mwen, mwen fè yo wè jan mwen renmen yo, jan mwen gen bon kè. Mwen defèt baboukèt ki te mare bouch yo a. Mwen bese atè pou m' ba yo manje.

5

 Men yo refize tounen vin jwenn mwen. Se poutèt sa yo p'ap tounen nan peyi Lejip la ankò, se moun Lasiri ki va gouvènen yo.

6

 Lènmi pral desann sou lavil yo ak nepe nan men yo. Y'ap kraze miray ranpa lavil yo, y'ap detwi pèp mwen an, paske yo fè sa yo pito.

7

 Yo vire do ban mwen, yo fin pran pli a nèt. Y'a rele anba chay ki sou zepòl yo a, men pesonn p'ap vin wete l' sou yo.

8

 ¶ Nou menm moun Efrayim yo, kouman nou ta vle pou m' lage nou? Nou menm moun Izrayèl yo, kouman nou ta vle pou m' ta detwi nou tankou mwen te detwi lavi Adma? Kouman nou ta vle pou m' ta trete nou tankou mwen te trete lavil Zeboyim yo? Non! Mwen pa gen kè pou m' fè bagay konsa. Tout zantray mwen ap fè mwen mal pou nou.

9

 Mwen p'ap fè sa m' te di mwen t'ap fè lè m' te ankòlè a. Mwen p'ap detwi moun Efrayim yo ankò. Paske se Bondye mwen ye, mwen pa tankou lèzòm. Se yon bondye apa mwen ye. Mwen la avèk nou. Mwen p'ap fè kòlè pou m' vin detwi nou.

10

 Y'a pran mache dèyè m' ankò. Lè m'a gwonde tankou yon lyon, y'a tranble kou fèy bwa, y'a kouri kite peyi bò kote solèy kouche a, y'a vin jwenn mwen.

11

 Y'a vole tankou zwazo, y'a kouri kite peyi Lejip. Y'a pran zèl tankou toutrèl, y'a kouri kite peyi Lasiri. M'a fè yo tounen vin rete nan peyi yo a. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.

12

 Seyè a di ankò: Moun Efrayim yo kouvri m' anba manti. Moun Izrayèl yo vlope m' ak bèl pawòl. Men, moun peyi Jida yo ap kenbe tèt avè m' toujou, mwen menm Bondye ki toujou kenbe pawòl mwen, mwen menm ki yon Bondye apa!

Hosea 12

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: