Haitian Creole Bible

Acts 27

Acts

Return to Index

Chapter 28

1

 ¶ Se lè nou fin sove, nou vin konnen lil la te rele Malt.

2

 Moun peyi a te aji byen anpil avèk nou. Lapli t'ap tonbe, te fè frèt anpil. Yo limen yon gwo boukan pou resevwa nou.

3

 Pòl te ranmase yon ti pakèt fachin, li t'ap mete l' nan dife a lè yon sèpan soti nan chalè dife a, li vlope nan men li.

4

 Lè moun zile yo wè sèpan an pandye nan men Pòl, yonn t'ap di lòt: Gen lè nonm sa a se yon ansasen. Li chape nan nofraj la, epi men jistis Bondye ap pousib li toujou.

5

 Pòl annik souke men l', epi bèt la tonbe nan dife a. Li pa t' santi anyen ankò.

6

 Lòt moun yo menm t'ap tann pou yo wè Pòl vin anfle osinon pou l' tonbe mouri frèt. Moun yo tann, yo tann. Lè yo wè anyen pa rive l', yo chanje lide, yo di: Nonm sa a, se yon bondye.

7

 Toupre bò la, te gen yon bitasyon ki te pou Pibliyis, pi grannèg nan lil la. Li resevwa nou ak kè kontan. Nou fè ladesant lakay li pandan twa jou.

8

 Papa Pibliyis te kouche malad ak yon lafyèb ak dyare. Pòl antre ale wè l', li lapriyè, li mete men l' sou tèt li, li geri li.

9

 Apre sa, tout lòt moun ki te malad nan lil la te vini tou. Yo tout te geri.

10

 Yo fè nou anpil kado. Lè pou n' anbake menm, yo ban nou tou sa nou te bezwen pou vwayaj la.

11

 ¶ Apre twa mwa, nou pati nan yon batiman Aleksandri ki te pase tout tan fredi a nan lil la. Yo te rele batiman an Marasa.

12

 Lè nou rive Sirakiz, nou rete la pandan twa jou.

13

 Lè nou pati, nou lonje kòt la jouk nou rive Rijio. Nan denmen, yon van swèt leve: apre de jou vwayaj nou rive Pouzòl.

14

 La, nou jwenn kèk frè ki mande pou n' pase sèt jou ak yo. Se konsa nou rive lavil Wòm.

15

 Frè lavil Wòm yo ki te pran nouvèl nou vin kontre nou jouk nan Mache Apiyis ak nan Kalfou Twa Kafe. Lè Pòl wè yo, li di Bondye mèsi, li pran kouraj.

16

 Lè nou rive Wòm, yo kite Pòl rete pou kont li ak yon sèl sòlda pou veye li.

17

 ¶ Apre twa jou, Pòl fè rele chèf jwif yo ki lavil Wòm. Lè yo reyini, li di yo: Frè m' yo, san m' pa fè anyen kont pèp la, ni kont koutim zansèt nou yo, jwif yo rete konsa, yo arete m' lavil Jerizalèm, yo lage m' nan men women yo.

18

 Lè women yo fin keksyonnen m', yo te vle lage m' paske yo pa t' jwenn okenn rezon ki pou ta fè m' merite lanmò.

19

 Men, jwif yo kenbe la ak yo. Mwen te blije mande pou Seza tande kòz mwen. Men, mwen menm pou tèt pa m', mwen pa gen okenn plent pou m' fè pou moun menm peyi avè m' yo.

20

 Se poutèt sa mwen fè rele nou pou m' wè nou, pou m' pale ak nou, pou m' di nou se poutèt moun pèp Izrayèl t'ap tann lan kifè yo mare m' ak chenn sa a.

21

 Yo reponn li: Nou pa resevwa okenn lèt soti peyi Jide sou ou. Okenn frè pa soti laba vin isit pou ban nou nouvèl, ni pou pale mal sou ou.

22

 Men, nou ta renmen tande kisa ou gen nan tèt ou, paske nou konnen toupatou yo pa vle wè gwoup ou fè pati a.

23

 ¶ Yo fikse l' yon jou. Lè sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswè, Pòl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fè yo konnen gouvènman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo, li t'ap chache fè yo rekonèt ki moun Jezi ye.

24

 Gen ladan yo ki te kwè sa l' t'ap di yo. Men, gen lòt ki pa t' vle kwè menm.

25

 Yo vire do yo san yo pa t' tonbe dakò. Lè Pòl wè sa, li ajoute pawòl sa a pou yo: Sentespri te gen rezon pale konsa ak zansèt nou yo nan bouch pwofèt Ezayi, lè l' te di:

26

 Ale jwenn pèp sa a, di l' pou mwen: Pou tande n'a tande nan zòrèy nou, men nou p'ap konprann anyen. Pou gade n'a gade ak je nou, men nou p'ap wè.

27

 Paske lespri pèp sa a vin lou, yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Se Bondye menm ki di sa.

28

 Apre sa, Pòl di yo: Koulye a, nou fèt pou nou konnen Bondye fè moun lòt nasyon yo konnen l'ap delivre yo tou. Yo menm, y'ap tande li.

29

 Lè l' te fin di sa, jwif yo al fè wout yo, yo t'ap diskite yonn ak lòt.

30

 ¶ Pòl te rete pandan dezan nan yon kay li te lwe. Li te resevwa tout moun ki te vin wè li.

31

 Li t'ap fè konnen gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap moutre moun yo tout bagay sou Jezikri, Seyè a, kareman san pesonn pa janm chache l' kont.

Romans 1

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: